Skip to main content

Investor Alert (Creole)

May 14, 2014

Avètisman pou Envestisè: Fè Atansyon avèk Eskwokri Piramid yap prezante kòm Pwogram Komèsyalizasyon a Plizyè Nivo

SEC's Office of Investor Education and Advocacy ap pibliye Avètisman pou Envestisè sila a pou avèti envestisè endividyèl yo sou eskwokri piramid, ki se yon tip envestisman ilegal ke moun kap fè fwòd yo prezante kòm yon opòtonite biznis ki lejitim e ki sou fòm pwogram komèsyalizasyon a plizyè nivo.

Èske sa pa janm rive w ke ou tante lè ou wè yon reklam oswa yon òf pou fè "kòb fasil" oswa pou jenere "revni sou Entènèt", de lakay ou etan? Yo fè piblisite pou pwogram komèsyalizasyon a plizyè nivo (sa yo rele "MLM" la) atravè reklam sou Entènèt, sit wèb konpayi, medya sosyal, prezantasyon, reyinyon gwoup, apèl konferans, ak bwochi. Nan yon pwogram MLM, jeneralman ou touche lajan pou pwodwi oswa sèvis ke oumenm ak distribitè ki nan liy parennaj ("downline") ou a (sètadi, patisipan ou rekrite yo ak moun yomenm yo rekrite tou) vann lòt moun. Sepandan, gen sèten pwogram MLM ki anreyalite se eskwokri piramid yo ye -- yon tip fwòd kote patisipan yo fè pwofi yo prèske defason esklizif lè yo rekrite lòt moun pou patisipe nan pwogram nan.

Eskwokri piramid ki prezante sou fòm pwogram MLM, byen souvan vyole lalwa sou valè mobilyè (aksyon) federal yo, tankou lalwa ki entèdi fwòd e ki egzije anrejistreman òf valè mobilyè (aksyon) yo ak anrejistreman koutye/negosyan yo. Nan yon eskwokri piramid, lajan nouvo patisipan yo bay la sèvi pou peye komisyon pou rekritman (ki ka pran nenpòt fòm, ikonpri fòm valè mobilyè [aksyon]) patisipan ki te la anvan yo reyalize, menm jan ak nan yon Eskwokri Ponzi klasik, kote lajan yo resevwa nan men nouvo envestisè yo sèvi pou peye fo "pwofi" pou envestisè ki te la anvan yo. Toulòtjou, SEC (Komisyon Amerikèn ki kontwole operasyon sou mache bousye a) pouswiv anjistis operatè yo swadizan akize ki responsab eskwokri piramid a grann echèl yo poutèt yo vyole lalwa sou valè mobilyè (aksyon) federal yo, atravè fo prezantasyon pwogram MLM.

Lè wap konsidere pou patisipe nan yon pwogram MLM, veye karakteristik eskwokri piramid swivan yo:

  • Pa gen okenn pwodwi oswa sèvis ki otantik. Pwogram MLM yo se pwogram kote yo vann yon pwodwi oswa yon sèvis otantik bay moun ki pa nan pwogram nan. Pran anpil prekosyon si ou remake pa gen okenn pwodwi oswa sèvis alabaz ke yap vann lòt moun, oswa si sa yap vann nan se yon bagay ipotetik oswa si li sanble ke pri bagay sa a pa apwopriye ditou.
  • Pwomès ke wap rantre anpil lajan nan yon peryòd tan ki kout. Mefye ou de bèl pawòl ki deklare yon pwofi kap miltipliye ak bèl pawòl pou "vin rich byen vit". Gwo pwofi ak lajan kach rapid nan yon pwogram MLM ka sigjere ke komisyon yap peye yo soti nan lajan yo resevwa nan men nouvo moun yo rekrite yo olyede lajan revni ki jenere nan lavant pwodwi.
  • Lajan fasil oswa revni pasif. Reflechi defwa si yo ofri konpansasyon ann echanj pou ti travay ou fè tankou fè peman, rekrite lòt moun, ak plase anons piblisitè.
  • Pa gen prèv sou revni ki soti nan lavant an detay. Mande pou wè dokiman, tankou rapò finansyè ke yon kontab sètifye (CPA) kontwole, ki montre ke konpayi MLM lan jenere revni apatide lavant pwodwi oswa sèvis li bay moun ki andeyò pwogram nan.
  • Kotizasyon obligatwa. Objektif yon pwogram MLM se pou vann pwodwi. Fè atansyon si yo egzije w pou peye yon kotizasyon pou patisipe nan pwogram nan, menmsi montan kotizasyon an se yon frè senbolik ou peye yon sèl fwa oswa menmsi se yon frè abònman (pa egzanp, $10 oswa $10/pa mwa).
  • Yon estrikti komisyon ki konplèks. Se pou w gen enkyetid amwenske komisyon yo baze sou pwodwi oswa sèvis ke oumenm oswa moun ou rekrite yo vann bay moun ki andeyò pwogram nan. Si ou pa fin konprann kijan yo pral peye w, fè atansyon.
  • Yo mete anfaz sou rekritman. Si yon pwogram konsantre prensipalman sou rekritman lòt moun pou patisipe nan pwogram nan pou yon frè, gen anpil chans pwogram sa a se yon eskwokri piramid. Se pou kòmanse sispèk, si ou pral resevwa plis konpansasyon lè ou rekrite lòt moun pase lè ou vann pwodwi.

SEC a pran mezi ranfòsman annijans pou kanpe swadizan eskwokri piramid yo ki vyole lalwa sou valè mobilyè (aksyon) federal yo, ki enkli eskwokri ki prezante sou fòm pwogram MLM.

Pa egzanp, nan yon litij yo anrejistre pa gen lontan, SEC v. CKB168, SEC a pote akizasyon kont yon swadizan eskwokri piramid ke yo prezante sou fasad yon pwogram MLM pou kou sou Entènèt pou timoun. Pwomotè swadizan eskwokri a solisite envestisè atravè lemonn, yo menm vize manm kominote Ameriken-Azyatik nan Nouyòk ak nan Kalifòni. SEC a pretann ke pwomotè sa yo reprezante nan bay manti CKB kòm yon konpayi MLM lejitim e ki pwofitab, ki vann kou edikatif pou timoun sou Entènèt la, lè anreyalite, CKB apèn vann andetay bay konsomatè a oswa pa vann andetay ditou bay konsomatè a, lèfini li pa gen okenn sous evidan de revni apade lajan li resevwa nan men nouvo envestisè.

Nan yon aksyon yo regle pa jijman, SEC v. Rex Venture Group, SEC fèmen yon fwòd $600 milyon dola ki te twonpe apeprè yon milyon kliyan sou Entènèt atravè yon eskwokri envestisman konplèks ki gen rapò ak yon eskwokri Ponzi ke yo fè piblisite pou li antanke yon pataj benefis jounalye ak yon eskwokri piramid ke yo prezante sou fòm yon pwogram MLM pou Zeekrewards.com, divizyon piblisite ki dekri tèt li kòm afilye pou zeekler.com, yon sit wèb ki òganize lavant ozanchè pou yon santim ameriken. SEC pretann ke, pou pati fwòd la ki gen rapò avèk eskwokri piramid la, akize yo te pwomèt bonis ak komisyon bay kliyan poutèt yo te anrejistre nan yon plan abònman mansyèl e poutèt yo te rekrite lòt moun pou patisipe nan plan an. Sepandan, selon plent SEC pote a, yo te rasanble tout lajan nouvo kliyan yo e yo te sèvi ak lajan sa yo pou peye bonis pou rekritman bay kliyan ki te la deja yo, paske pa gen okenn revni sibstansyèl lejitim ki te jenere atravè lavant pwodwi.

Eskwokri piramid yo pa ka kenbe pou twò lontan e finalman yo toujou kraze. Pwoteje tèt ou ak lajan w lè ou rete lwen kèlkeswa "opòtinite" ki prezante siy avètisman sou yon eskwokri piramid.

Resous adisyonèl

Pou rapòte yon fwòd valè mobilyè (aksyon), pou poze yon kesyon oswa pou rapòte yon pwoblèm ki konsène envestisman w yo, kont envestisman w lan, oswa yon pwofesyonèl ki bay sèvis finansye, tanpri ale sou sit Entènèt la nan http://www.sec.gov/complaint/select.shtml.

Pou resevwa dènye Avètisman pou Envestisè ak Bilten yo nan men  SEC's Office of Investor Education and Advocacy, anrejistre pou fil RSS nou an nan sec.gov/rss/investor/alertsandbulletins.xml oswa pou imèl nan sec.gov/news/press/subscribe_updates.htm. Ou ka swiv nou tou sou Twitter @SEC_Investor_Ed, oswa ale sou sit Entènèt la nan Investor.gov, sit Wèb SEC a ki devwe a envestisè endividyèl yo.


Office of Investor Education and Advocacy bay enfòmasyon sa a antanke yon sèvis pou envestisè yo. Li pa ni yon entèpretasyon legal ni yon deklarasyon sou règleman SEC. Si ou gen kesyon konsènan siyifikasyon oswa aplikasyon yon lwa oswa yon règ anpatikilye, tanpri kontakte yon avoka ki espesyalize nan lalwa sou valè mobilyè (aksyon).

Return to Top