Skip to main content

Avètisman Kont Mou K’ap Fè Tèt-Li Pase Pou Investisè Pou Li Ka Vòlè Lòt Moun: Vòl Nan Envestisman

July 11, 2014

Biwo investisè nan edikasyon ak defans (SEC), ap alète-nou kont fo envestisman.ki vize moun ki nan menm gwoup relijye, nan menm kominote, e menm  granmoun.

Kisa ki yon Vòl Nan Envestisman?

Vòl nan envestisman prèske toujou sèvi avèk move envestiman, oubyen yon envestisman kote moun bay menti sou detay ki empòtan (tankou posibilite pou fè pèt, dosye k’ap sou evestisman-an, oubyen enfòmasyon sou òganizatè k’ap vann envestisman-an). Anpil vòl nan envestisman-yo fèt sou fòm ‘Ponzi’ oubyen ‘Piramid’, sa vle di ke òganizatè-a pran lajan nouvo envestisè yo paye-li, pou li peye lòt envestisè ki te bay’l lajan deja. Se konsa òganizatè-a fè moun panse ke envestisman-an bon. Metòd sa-a fè nouvo  envestisè envesti nan move envestisman-an, e li fè envistise ki deja la-yo, panse ke envestiman yo fè-a se siksè. Men an reyalite, menm-si se te on bon envestisman, w’ap sèlman jwenn on ti kras benefis oubyen anyen menm. Òganizatè-a (Volè-a) ap jis pran lajan nouvo envestisè-yo pou-li regle afè pèsonèl-li, oubyen li peye lòt envestisè ki kòmanse sispèk. Aprè yon bon tan, lè tout kòb envistisè-yo bay òganizatè-a fini, epi envestisè ki deja la kòmanse mande lajan-yo, biznis vòlè-a ap kraze, e se lè sa-a ke envistisè-yo ap vin dekouvri ke yo pèdi yon pati nan kòb yo te envesti-a, oubyen tout nèt.

Ki jan Vòl Nan Envestisman Travay?

Òganizatè ki vann move envestisman sa yo toujou manb, oubyen pran pòz you se manb nan gwoup moun yo gen entansyon vòlè yo. Li kapab yon gwoup moun ki nan menm relijion, oubyen ki mache nan menm legliz. Li kapab yon gwoup moun ki gen menm kilti, oubyen yon gwoup moun ki soti nan lòt peyi etranje, oubyen moun ki soti nan yon lòt ras. Li kapab yon moun k’ap travay yon kote patikilye. Vòlè sa yo menm esaye tronpe moun ki militè avèk move envestisman sa yo. Depi vòlè sa yo panse ke yo ka konvenk ou pou ba yo lajan ou travay di pou fè ekonomi, y’ap esaye pale avèk ou.

Vòl nan envestisman tronpe konfians avèk amitye yon gwoup moun genyen ansanm, e vòlè yo itilize plizyè metòd pou yo rantre nan gwoup sa yo. Fason ki pi popilè pou vòlè sa-yo, se lè yo blofe yon lidè nan yon gwoup, epi lidè-a pale ak tout moun nan gwoup la sou move envestisman-an. Men lidè yo pa menm konnen ke envestisman-yo se konplo vole-yo fè, e menm yo menm tou ka pèdi lajan yo envesti-a.

Akòz de jan anpil nan gwoup sa yo estriktire, li trè difisil pou ofisyèl lalwa detekte vòl nan envestisman. Moun ki viktim de vòl sa yo pa janm fè lapolis konnen, oubyen pa janm chèche solisyon nam men lalwa. Olye de sa, yo pito chèche yon solisyon pami moun ki nan menm gwoup ak yo. Sa fèt souvan lè vòlè -a ale nan yon kominote moun respekte anpil, oubyen lè se yon lidè legliz ki konvenk moun yo pou yo fè envestisman-an.

Kouman Ou Kapad Evite Vòl Nan Envestisman

Men yon kèk konsèy k’ap ede-ou pou pa tounen yon viktim konplo sou envestisman sa yo.

  • Menm si ou konnen moun ki ofri-ou envestisman-an, toujou chèche konnen plis infòmasyon sou moun-nan avèk envestisman-an, menmsi se yon moun ou fè konfyans. Dwe konnen ke moun ki ofri ou envestisman-an ka pa menm konnen ke yo ba li manti e envestisman pa bon.
  • Pa janm fè yon envestisman jis paske yon moun ke ou konnen ki nan menm gwoup avèk-ou di-ou pou fè-li. Sa fèt anpil sou entènèt. Yo konn pale de move envestisman sa yo a moun ki manb nan gwoup sou entènèt, oubyen nan chat chanm kote ou ka pale sou sa ki enterese-ou.
  • Pa kwè envestisman ki pwomèt anpil benefis oubyen k’ap remèt ou tout kòb ou garanti. Pran anpil prekosyon avèk envestisman ki pa gen risk ditou. Pifò envestisman gen risk ladan-yo. Pwomès anpil benefis byen rapid, avèk san risk, toulède se siy move envestisman,
  • Fè atansyon avèk envestiman ke yo paka ekri sou papye ba-ou. Jan de vòlè sa yo pa janm renmen ekri anyen sou papye. Si yo pa gen tan pou yo ekri detay envestisman-an sou papye, pa achte evestisman-an. Fè atansyon tou si yo di ou pou pa pale avèk pèsonn de envestisman-an.
  • Pa prese achte yon envestisman san ke ou pa gen tan pou fè rechèch sou avantaj ki gen ladan-l. Jis paske yon moun ou konnen fè lajan, oubyen li di-ou ke li fè lajan, sa pa vle di ke w’ap fè lajan tou. Pran anpil prekosyon lè w’ap achte yon envestisman, sitou si moun k’ap vann li-an di-ou ke se yon sèl fwa nan lavi-ou ke w’ap jwenn yon avantaj konsa.

Vòl Nan Envestisman Ki Resan

SEC gen yon depatman ki fè ankèt e ki pouswiv vòl nan envestisman ki fèt sou nenpòt moun. Men egzanp plizyè sitiyasyon ki resan.

SEC Kanpe Yon Pwogram Piramid Ki Vize Dominiken ak Brezilyen Ki Imigran

Tribinal bay SEC lòd pou li sispann yon milyon dola pwogram pyramid ki vize-yo sou imigran ki Dominiken, Brezilyen e menm Chinwa, Vyetnamyen ak Ayisyen. Moun ki pote plent-lan di ke òganizatè pwogram pyramid-la bya envestisè-yo manti e pwomèt yo benefis de 200% oubyen plis, si yo jwenn nouvo envestisè, oubyen si yo fè reklam sou entènèt pou konpayi ki gen biznis ‘pale nan telefòn sou entènèt’ (VOIP).

SEC Kenbe Plizyè Òganizatè Pwogram Piramid Ki Vize Kominote Azyatik Ak Kominote Panwòl

Òganizatè pwogram piramid sa-a pran pòz yo se gwo biznis ki vann sèvis ‘nwaj nan òdinatè’ pou yo ka fè plis ke $65 milyon, yo plis vize-yo sou envestisè ki nan kominote Azyatik ak Panwòl ki nan Etazini. Òganizatè-a blofe envestisè-a, e li pwomèt li 100 pou 100 benefis nan 100 jou.

SEC Kenbe Plizyè Teknisyen Ki Ap Vann Move Envestisman Nan Foutbòl E Ki Vize-yo Sou Granmoun

Vòlè sa-yo bay granmoun ak lòt envestisè-yo anpil presyon. Teknisyen-yo fè-yo panse ke y’ap envesti lajan-yo nan yon biznis k’ap devlope yon gwo pwogram pou ekip foutbòl nasyonal ki pral jwe nan ‘Super Bowl’. Teknisyen-yo bay-yo manti e pwomèt yo benefis garanti. Teknisyen yo pran prèske tout kòb envestisè-yo pou yo regle afè pèsonel pa-yo, epi yo peye moun yo te amboche pou te chèche envestisè pou yo.

SEC Kembe Yon Òganizatè Ki Vann Move Envestisman Ponzi Ki Vize Afriken-Ameriken Ki Mache Legliz

Òganizatè sa-a vann envestisman ki bay 12% a 20% benefis chak ane. Li di envestisè ki Afriken-Ameriken-yo ke a lajan yo envesti-a, l’ap achte e l’ap sipòte ti biznis lesiv, biznis fè ji, oubyen estasyon gaz. Òganizatè-a menm vann ‘sweepstakes’ machin ki pou sipoze bay envestisè yo 300% benefis, oubyen plis ke sa nan premye ane-an.

SEC Kenbe Yon Biznis Ansanm Avèk Mèt Li. Yo T’ap Vòlè Ofrann E Yo Te Vize Yo Sou Envestisè Ki Kretyen.

Òganizatè sa yo itilize envestisman sou fòm Ponzi e yo fè prèske $6 milyon sou prèske 80 envestisè kretyen. Òganizatè yo vòlè lajan envestisè-yo sou fòm ofrann, oubyen òganizatè-a bay envestisè-yo pi gwo envestisman ki te parèt nan reklam nan ‘vwa sou entènèt’ nan tout lòt peyi.

SEC Kraze Yon Pwogram Evestiman Ponzi Ki Vize Kominote Pèsik-Jwif Nan Los Angeles

SEC fè tribibinal bay-yo dwa pou yo sispan on $7.5 milyon move envestisman ponzi ki vize Pèsik-Jwif ki nan Los Angeles. Moun ki pote plent-lan bay SEC, di ke òganizatè-a se yon manb kominote Pèsik-Jwif nan Los Angeles, ki pran lajan nan men 11 envestisè, epi li pran prèske $1.6 milyon nan lajan envestisè-yo pou li achte bijou, machin chè, avèk tikè VIP pou fèt espòtif. Li blofe envestisè-yo e li pwomèt-yo gwo benefis nan lòt gwo biznis ke tout moun konnen.

SEC Arete Yon Mesye Nan Sid Florida Ki Òganize Vòl Nan Envestisman

Vòlè-a fè prèske $11 milyon e li pwomèt gwo benefis a 26%. Li gen abitid mennen envestisè-yo nan gwo restoran nan Fort Lauderdale, achte manje chè pou-yo, pandan ke li pale avèk-yo de envestisman-an. Se toujou fanmi-li, zanmi-li, oubyen moun ki tande pale de li, ki voye moun al-pale ak-li. Anpil nan envestisè ki tonbe nan konplo-li-an te masisi ki rete nan Wilton Manors, nan Florida. 

SEC Kenbe Yon Gwo Konstriktè Nan Miami Ki Fè Vòl Nan Envestisman

Yon konstriktè nan Miami fè vòl nan envestisman sou fòm ‘ponzi’. Li enplike envestisman li deja genyen nan konstriksyon-yo avèk move envestisman-an, e li fè $135 milyon avèk 400 envestisè. Pi fò ladan-yo rete nan Sid Florida, nan kominote Kiben ki ekzile. Òganizatè-a peye envestisè li te genyen deja, ak lajan nouvo envestisè-yo, e li bay tout lòt envestisè-yo menm benefis.

Ki Sa Pou Ou Fè Si Ou Sispèk Yon Vòl Nan Envestisman

Si ou panse ke ou ta konnen yon vòl nan envestisman, oubyen ou te pèdi lajan nan yon vòl envestisman, kontakte biwo SEC pou fè plent nan http://www.sec.gov/complaint/select.shtml. Oubyen ou ka kontakte administratè envestisman ki nan minisipal ou.Ou kapab jwenn lyen sou entènèt ak legislatè nan chak minisipal si ou ale nan Sit Entènèt Pou Asosiyasyon Envestisman Pou Administratè Ameriken.

Plis Enfòmasyon

Pou plis enfòmasyon sou move envestisman, li avètisman nou genyen pou envestisè-yo. Fè atansyon avèk òf biznis oubyen envestiman ki itilize sistèm piramid pou moun ka panse ke yo se gwo pwogram ak plizyè nivo, Move envestisman ki chèche eksplwate pwogram pou imigran, e Kote sou entènèt ki pale de envestisma-kijan pou pa pran nan vòl. Pou plis enfòmasyon edikasyonèl, ale nan “Sispann  Vòl Nan Envestisman K’ap Fèt Nan Kominote-ou” nan Investor.gov, se sit entènèt pou SEC fè pou moun ki vann envestisman. Pou enfòmasyon jeneral tankou kijan ou ka evite pran nan vòlè, ale nan Investor.gov, oubyen nan paj entènèt pou Biwo Edikasyon Pou Envestisè ak Sipò nan SEC.gov. Ou ka swiv nou nan Twitter @SEC_Investor_Ed_. Finalman, si ou ta vle pale ak yon mounn dirèkteman sou nenpòt pwoblèm ak yon envestisman, tanpri rele-nou gratis nan (800) 732-0330.


Biwo Edikasyon Pou Envestisè Ak Sipò vle pou envestisè konnen enfòmasyon sa-yo. Se pa yon entèpretasyon de ankenn lwa leta oubyen metòd SEC. Si ou gen kesyon sou siyifikasyon oubyen yon lwa sou sa, tanpri kontakte avoka ki espesyalize sou lwa envestisman.

Return to Top