U.S. Securities & Exchange Commission
SEC Seal
Home | Previous Page
U.S. Securities and Exchange Commission

U.S. Securities and Exchange Commission [Komisyon pou Mache Aksyon nan Etazini]

Fwod kont Gwoup ki Gen Afinite:
Kouman pou Evite Pyèj pou Envestisè ki nan Gwoup yo Vize

Kisa ki rele yon Fwod kont yon Gwoup ki Gen Afinite?

Fwod kont yon gwoup ki gen afinite, se pyèj ki vize manm yon gwoup idantifyab, tankou kominote relijye oswa etnik, oswa moun ki gen anpil laj, oswa gwoup pwofesyonnèl. Anpil fwa, koken ki òganize pyèj kont yon gwoup konsa, se yon moun ki nan gwoup la, oubyen ki pran pòz li se manm gwoup la. Souvan, yo konn chwazi yon lidè moun respekte nan yon gwoup relijye oswa nan yon kominote, pou fè pawòl la sikile sou pyèj yo vle poze a; lè konsa, yo fè moun yo chwazi a konprann envestisman malonèt la lejitim epi li bon. Plizyè fwa, lidè sa yo konn tounen viktim move zafè a san yo pa konprann sa.

Pyèj sa yo esplwate konfyans ak zanmitay ki genyen nan yon gwoup moun ki gen yon bagay an komen. Kòm moun nan anpil gwoup konsa konn pre anpil youn ak lòt, li kapab difisil pou otorite leta yo oswa lapolis detekte yon pyèj kont yon gwoup ki gen afinite. Souvan viktim yo pa pale otorite leta yo ni ale nan lajistis, men yo eseye regle zafè a anndan gwoup la. Sa rive patikilyèman lè koken an te sèvi avèk yon lidè yo respekte nan yon gwoup relijye oswa nan yon kominote, pou rekòmande lòt moun yo antre nan envestisman an.

Gen anpil pyèj kont gwoup ki gen afinite yo konn rele "Ponzi", ki vle di pyèj an piramid, paske yo sèvi avèk lajan nouvo envestisè pou peye ansyen envestisè, pou bay yon fo enpresyon envestisman an ap mache byen. Yo sèvi avèk mannèv sa a pou ankouraje nouvo envestisè mete lajan yo nan move zafè a, epi pou fè envestisè ki deja la yo konprann envestisman yo nan bon chimen epi li an sekirite. An reyalite, koken an prèske toujou vòlè lajan envestisè a pou mete nan pòch li. Toude kalite pyèj sa yo bezwen jwenn nouvo envestisè tout tan – epi lè sa ki inevitab la rive, sa ki vle di pa gen envestisè ankò, tout pyèj la kraze, epi envestisè yo dekouvri yo pèdi pifò nan lajan yo.

Kouman pou Evite Fwod kont Gwoup ki Gen Afinite?

Lè yon moun envesti, se toujou yon chans ou pran. Ou ka pran prekosyon pou w pa envesti mal si w mande kesyon epi ou pran enfòmasyon sou nenpòt ki envestisman anvan ou antre ladan l. Pou evite fwod kont gwoup ki gen afinite, oswa lòt kalite fwod, ou ta dwe:

  • Verifye tout bagay – kèlkeswa konfyans ou ta konprann moun k ap ofri w fè envestisman an sanble li merite. Pa janm fè yon envestisman sèlman paske yon manm nan òganizasyon oswa nan gwoup relijye oubyen etnik ou ye a rekòmande w li. Fè bon jan ankèt sou envestisman an, epi gade byen si chak bagay yo di w sou envestisman an se laverite. Sonje byen, moun k ap pale w sou envestisman an, se kapab yon moun yo bay manti epi yo fè konprann envestisman an lejitim, san se pa vre.
     
  • Pa kwè nan envestisman ki pwomèt kokennchenn benefis oubyen ki "garanti" bon rannman. Si yon envestisman parèt twò bon pou li vre, gen anpil chans li pa vre. Menm jan an, pran anpil prekosyon si yo di w yon envestisman pa gen okenn chans pou l pa bay rannman; pa gen anpil envestisman ki kapab fèt san yon moun pa pran chans. Plis gen potansyèl gwo rannman nan yon envestisman, plis ou pran chans pèdi lajan w. Si w tande yo pwomèt ou pral fè gwo benefis touswit, san ou pa pran okenn chans oubyen san ou pa pran anpil chans, se siyal klasik lè se yon fwod.
     
  • Fè atansyon si yo ofri w yon envestisman san yo pa ba ou anyen ki ekri. Anpil koken kon chache pa bay anyen ki ekri, men nòmalman envestisman lejitim yo ekri sou papye. Evite tout envestisman yo ofri w si yo di w yo "pa gen tan pou yo pèdi nan ekri" patikilarite sou envestisman an. Ou dwe sispèk tou, si yo di w kenbe zafè envestisman an konfidansyèl.
     
  • Pa kite yo mete presyon sou ou, ni fè w kouri achte yon envestisman san ou pa gen yon chans pou w reflechi – oswa fè ankèt – sou "opòtinite" a. Se pa paske yon moun ou konnen te rive fè lajan, oubyen di li rive fè lajan, ou pral rive fè lajan tou. Fè atansyon espesyalman lè yon moun di w se "yon sèl fwa nan lavi w" ou pral jwenn yon chans pou fè yon envestisman konsa, espesyalman si moun lan baze rekòmandasyon an sou sa "moun anndan" yon konpayi di l, oswa sou enfòmasyon konfidansyèl yo ba li.
     
  • Jou apre jou, gen plis koken k ap sèvi avèk entènèt pou yo voye mesaj elektwonik ki gen pyèj bay gwoup moun yo vize. Si w resevwa yon mesaj elektwonik ki soti yon kote ou pa konnen, epi li ofri yon envestisman ou "pa dwe manke", pi bon aksyon ou kapab pran se pa asepte "opòtinite" sa a epi voye mesaj ki gen pyèj la ba nou nan adrès enforcement@sec.gov

Pyèj yo Fenk ap Poze kont Gwoup ki Gen Afinite

Pyèj kont gwoup ki gen afinite yo kapab vize nenpòt gwoup moun ki jwenn yon fyète nan karakteristik yo genyen an komen yo, tankou gwoup relijye, etnik, oswa pwofesyonnèl. SEC mennen ankèt epi li pran aksyon rapid nan kèk fwod yo komèt kont gwoup ki gen afinite, kote yo te sible plizyè gwoup. Men kèk nan ka yo:

Kominote Amennyen-Ameriken an Pèdi $19 Milyon

Plent SEC a di fwod kont group ki gen afinite sa a te vize Amennyen-Ameriken ki pa gen anpil esperyans nan envestisman, epi pou kèk ladan yo angle te dezyèm lang.

Akizasyon Kriminèl kont yon Mouche nan Sid Florid pou yon Fwod $51,9 Milyon

Ameriken Nwa ki te viktim nan pyèj envestisman sa a te resevwa garanti envestisman yo ta pral bay yon rannman 30% chak ane san yo pa peye taks.

Yon "Pwojè pou Finanse Legliz" koute Fidèl ki te Envesti yo plis pase $3 Milyon

Pyèj sa a, yo te poze nan tout peyi a, te vize prensipalman legliz Ameriken Nwa yo, epi li ranmase omwen $3 milyon nan plis pase 1000 legliz kote fidèl yo te envesti nan tout Etazini. Kòm yo te kwè yo ta pral resevwa anpil lajan envestisman yo rapòte, anpil viktim nan legliz sa yo te pran angajman nan bati pwojè konstriksyon, yo te fè nouvo dèt, yo te depanse lajan konstriksyon yo, epi yo te siyen kontra avèk batisè.

Envestisè Batis ki Pèdi plis pase $3,5 Milyon

Viktim fwod sa a, se te prensipalman Nwa Ameriken nan legliz Batis; anpil nan yo te gen anpil laj epi yo te enfim, epi anpil lòt viktim se te legliz Batis ak òganizasyon relijye ki nan plizyè Eta. Pwomotè a (Randolph, ki te yon pastè epi ki nan prizon kounye a) te pwomèt yo rannman ki ta pral ant 7 ak 30%, men sa li t ap fè vre, se yon konbinezon "Ponzi". An plis santans prizon an, Randolph resevwa lòd tribinal pou l peye $1 milyon nan pwosè sivil SEC a.

Plis pase 1 000 Envestisè Latino Ameriken Pèdi plis pase $325 Milyon

Viktim yo te vle envestisman kote yo pa te pran anpil chans. Pase pou li ede yo, pwomotè a (ki resevwa yon santans 12 an prizon) detounen lajan yo, epi li manti sou kantite lajan ki te nan kont yo.

125 Manm nan Plizyè Legliz Kretyen Pèdi $7,4 Milyon

Yo di koken yo te vanm bay manm yo pwogram echanj "bank premye kategori" ki pa egziste, epi yo te mete anpil referans sou Labib nan mannigèt yo te bay yo, epi yo te mande fidèl nan legliz yo fè pawòl la mache san yo pa konprann envestisman an te yon pyèj.

Yo Volè Moun nan Tegzas ki gen Anpil Laj $2,5 Milyon

Koken yo te jwenn enfòmasyon sou lajan ak sou kondisyon finansyè viktim ki te gen anpil laj yo, epi yo te ankouraje viktim yo likide ekonomi yo te fè pou retrèt yo, pou envesti nan aksyon ki te bay plis rannman. Sa koken yo te fè vre, se vòlè lajan an paske yo pa janm envesti l.

Si w pèdi lajan nan yon fwod kont yon gwoup ki gen afinite, oubyen ou gen enfòmasyon sou yon move zafè sa yo, ou dwe kontakte:

  • SEC Complaint Center [Sant SEC pou Plent] lan
     
  • Administratè envestisman pou Eta ou ye a. Ou kapab jwenn koneksyon an liy ak adrès pou biwo regilatè nan Eta ou ye a si w ale nan sit wèb North American Securities Administors Association [Administrasyon Administratè Envestisman nan Etazini] a. Òganizasyon sa a genyen tou konsèy pou envestisè pou evite fwod kont gwoup ki gen afinite.

Gid pou Idantifye ak Evite Fwod nan Achte Aksyon:
Piblikasyon SEC sou Entènèt

Biwo Edikasyon ak Asistans pou Envestisè

Envestisè – Enfòme tèt nou

Kouman pou Evite Fwod. Prepare ak pwoteje tèt ou: Piblikasyon sa a ap ede w rekonèt siyal ki pèmèt detekte fwod, epi li bay konsèy pou evite move zafè.
http://www.sec.gov/investor/pubs/avoidfraud.htm

Zafè Enfòmasyon. Piblikasyon sa a bay enfòmason ou dwe gade anvan ou envesti, epi li bay konsèy sou jan pou w jwenn enfòmasyon sou konpayi yo, epi li gen yon lis plizyè "move siyal" pou w evite.
http://www.sec.gov/answers/infomatters.htm

Fo Anblèm ak Move Nimewo: Kouman Koken yo Eseye Parèt Lejitim. Gen koken ki melanje manti ak verite pou fè manti yo parèt vre. Aprann nan piblikasyon sa a kouman pou w pwoteje tèt ou kont taktik pou twonpe moun.
http://www.sec.gov/investor/pubs/fakeseals.htm

Machann Ti Envestisman: Konsèy pou Envestisè. Pi souvan, machann ti envestisman yo pa bay menm kantite enfòmasyon ni yo pa bay menm pwosedi pou pwoteksyon avèk pi gwo envestisman tradisyonnèl yo. Se ti aksyon ki vo mwens pase senk pousan nan aksyon yon konpayi yo ofri, men yo koumanse sikile anpil pou pran envestisè yo nan sipriz.
http://www.sec.gov/investor/pubs/minitend.htm

Aksyon Mikwokap: Gid pou Envestisè. Li ka difisil pou jwenn enfòmasyon sou "aksyon mikwokap" yo, ki se aksyon ki koute bon mache, pou pi piti konpayi yo. Lè bon jan enfòmasyon difisil pou jwenn, koken yo kapab fè fo enfòmasyon sikile fasil sou konpayi mikwokap yo, sa ki pèmèt yo fè benefis pandan y ap fè envestisè ki pa sispèk yo pèdi lajan.
http://www.sec.gov/investor/pubs/microcapstock.htm

Lis Kontwòl pou Moun ki "Chape anba Fwod" nan Achte Aksyon. Piblikasyon sa a bay yon lis etap ou dwe swiv pou evite fwod nan achte aksyon.
http://www.sec.gov/investor/pubs/fraudsurvivor.htm

Voye Je sou Deklarasyon Finansyè yo

Enfòmasyon Finansyè "Pro Forma": Konsèy pou Envestisè. Li enpòtan pou envestisè yo konnen enfòmasyon "pro forma" yo pa ekri dapre estanda yo sèvi pou deklarasyon finansyè yo depoze nan SEC yo. Epi tou, apre yo te vote Lwa 2002 Sarbanes-Oxley a, SEC te mete egzijans siplemantè sou konpayi piblik ki mete enfòmasyon "pro forma" yo deyò.
http://www.sec.gov/investor/pubs/proforma08-11.htm

Pou Wè Plis Dokiman sou Deklarasyon Finansyè
http://www.sec.gov/investor/pubs_subject.shtml#fstatements

Verifye Enfòmasyon sou Koutye oswa Konseye w la

Analize Rekòmandasyon Analis la. Piblikasyon sa a pral ede w evalye rapò rechèch ak rekòmandasyon analis la fè. An jeneral, envestisè yo pa dwe depann sèlman sou rekòmandasyon yon analis pou pran desizyon sou achte, kenbe, oswa vann aksyon yo.
http://www.sec.gov/investor/pubs/analysts.htm

Kontak Sipriz. Koutye w oblije swiv prensip ki ekri nan tiliv sa a si l kontakte w lakay ou san ou pa mande l. Ou pral jwenn enfòmasyon tou sou dwa w devan lalwa, sou jan pou w reyaji lè yo kontakte w san ou pa atann, kouman pou w anpeche sa rive, epi kouman pou w evalye yon opòtinite envestisman yo ofri w nan telefòn.
http://www.sec.gov/investor/pubs/coldcall.htm

Pwoteje Lajan w: Verifye Enfòmasyon sou Koutye ak Konseye yo. Anvan ou envesti, gade si koutye yo, konseye pou envestisman yo, ak reprezantan konseye pou envestisman yo gen lisans pou yo vann aksyon. Tiliv sa a bay enfòmasyon detaye sou jan ou kapab dekouvri validite referans koutye a, epi si koutye a gen okenn pwoblèm, ak lòt enfòmasyon ankò.
http://www.sec.gov/investor/brokers.htm

Gade Plis Dokiman sou Koutye yo
http://www.sec.gov/investor/pubs_subject.shtml#brokers

Gade Plis Dokiman sou Konseye yo
http://www.sec.gov/investor/pubs_subject.shtml#invad

Veye Pyèj ak Move Zafè

Fwod kont Gwoup ki Gen Afinite: Kouman pou Evite Pyèj nan Envestisman ki Vize Gwoup Moun. Aprann kouman pou w idantifye ak evite pyèj nan envestisman ki vize manm yon gwoup idantifyab, tankou kominote relijye oubyen etnik, oswa moun ki gen anpil laj, oswa gwoup pwofesyonnèl.
http://www.sec.gov/investor/pubs/affinity.htm

Pwomès ki Trayi: Fwod nan Nòt ki Pwomèt Peye. Menm si Nòt ki pwomèt peye yo kapab envestisman ki lejitim, nòt yo vann alagouj bay envestisè prive yo konn gen pyèj ladan yo.
http://www.sec.gov/investor/pubs/promise.htm

Vòlè Envestisè Etranje: Pa Kite yo Pran w nan Aksyon U.S. ki "Tou Cho". Jou apre jou, ap vin gen plis pyèj "rechaje" ak "peman davans" ki vize envestisè ki pa rete nan Etazini, ki pèdi lajan yo lè yo achte aksyon ki bon mache; yo vann aksyon sa yo an depaman bay tout moun; envestisè sa yo ap eseye rantre lajan yo jodi a. Tiliv sa a esplike kouman yo poze pyèj konsa, epi li bay konsèy sou jan pou evite yo, epi li di kote ou ka mande asistans.
http://www.sec.gov/investor/pubs/fleecing.htm

Koken k ap Ponpe-Lage: Konsèy pou evite Pyèj nan Envestisman sou Entènèt. Pran yon ti tan pou aprann sa ki youn nan fwod ki fèt plis sou Entènèt: se yon pyèj klasik ki rele "ponpe-lage".
http://www.sec.gov/investor/online/pump.htm

Fwod sou Entènèt: Kouman pou Evite Move Envestisman sou Entènèt. Piblikasyon sa a di kouman pou w rekonnèt plizyè kalite fwod sou Entènèt, epi kisa SEC ap fè pou goumen ak fwod sou Entènèt, epi kouman pou w sèvi avèk Entènèt pou fè bon envestisman.
http://www.sec.gov/investor/pubs/cyberfraud.htm

"Move Nimewo" ak Konsèy sou Achte Aksyon sou Anrejistrè Telefonik ou. Li pa janm bon pou w mete lajan ou travay di pou w fè a nan aksyon, lè gen yon moun ou pa konnen ki rele w pou ba ou yon konsèy tou cho. Piblikasyon sa a bay konsèy sou sa ou dwe fè si w resevwa yon konsèy anonim sou anrejistrè telefonik ou.
http://www.sec.gov/investor/pubs/wrongnumberscam.htm

Kouman pou Jwenn Asistans ak pou Pote Plent nan SEC

Sant pou Plent SEC ak Konsèy sou Aplikasyon Lalwa. Fè rapò sou aktivite ki sispèk, pote plent sou yon pwofesyonnèl finans oswa yon pwodwi pou envestisman, oubyen poze kesyon. Divizyon Aplikasyon Lalwa a ak Biwo Edikasyon ak Asistans sou Envestisman an kreye sant pou plent SEC a pou travay sou pwoblèm ou.
http://www.sec.gov/complaint.shtml

Biwo SEC pou Edikasyon ak Asistans pou Envestisè. Biwo nou an sèvi tankou yon pòtay pou SEC. Nou pa kapab di w ki envestisman ou dwe fè, men nou kapab di w kouman pou w envesti byen, pou pwoteje lajan ou travay di pou w fè a kont fwod nan achte aksyon epi kont abi. Si gen yon move koutye oswa yon move konseye sou envestisman ki ba w move sèvis, nou ta renmen ou kontakte nou.
http://www.sec.gov/investor/pubs/aboutoiea.htm

Èske ou bezwen repons pou yon kesyon? Voye kòmantè ak/oswa konsèy ou yo ba nou.
Voye yon mesaj elektwonik ba nou nan adrès Questions and Comments

http://www.sec.gov/investor/pubs/affinity_creole.htm


Modified: 12/02/2009